Nwèl piman
Nwèl Piman
Yon Nwèl
san sèl
Yon Nwèl
nan rèl
Ane sa,
Pidetwal monte bwa
Senzano pran mawon
Kap lanpa mal mare
Fòskote
bay kout tèt
Yon Nwèl
san zèl
Yon Nwèl
poubèl
Ane sa,
Plak kole sou nouvèl
Chan sezon nan tiwa
Radyo antèn mal monte
Pwogram
woule san balans
Yon Nwèl
san myèl
Yon Nwèl
gou fyèl
Ane sa,
Pyepoudre pran kabann
Jamèdodo pran wonfle
Arebò Ti-Senpyè
Souflantchou
bay kè plen
Daniel Alouidor
nan ti liv «degrenngòch!!»