Lèt tou louvri Senatè Antonio Cheramy (Don Kato) pou Prezidan Privert

Lèt tou louvri Senatè Antonio Cheramy (Don Kato) pou Prezidan Privert

Pòtoprens, 18 oktòb 2016

Wi Prezidan, sa deranje m !

Mouche Prezidan Privert,
Zanmi mwen,
Tokay mwen,

Tout moun konnen jan mwen menm avèk ou, nou gen bon rapò. Sa fè plizyè lane nap mennen menm konba pou rive amelyore kondisyon lavi kominote ki pi vilnerab yo e pèmèt chak sitwayen peyi nou an viv nan respè ak nan diyite. Mwen menm ak ou, nou bwè dlo nan menm sous ideyologik e tout lide m di m ke nou pap janm sispann swaf bon jan libète, bon jan egalite ak bon jan fratènite anndan peyi nou ke nou renmen anpil.

Mwen konnen jan ou sansib pou konpatryòt nou yo ki ap fè fas a anpil kalamite depi siklòn Matye finn pase epi koze anpil dega plizyè kote. Se menm jan pou mwen tou. Se ak anpil lapenn map konstate dezolasyon ouragan sa a kite sou chimen l. Li touye anpil moun e simen dèy nan kè nou. Li kraze kay kote fanmi nou yo konn dòmi. Li devaste jaden ki konn ap pwodwi manje pou frè nou ak sè nou yo. Li detwi lavi plizyè milye tèt betay, ki reprezante kontanbank peyizan nou yo. Li deboulonnen wout. Li pote pon ale. Pa gen okenn dout sou sa : Peyi nou an plonje nan yon kokenn chenn kriz imanitè.

Anpil fanmi sinistre. Yo pa gen kote pou yo dòmi. Yo pa gen manje pou yo manje. Yo bezwen sekou. Se lokazyon pou m voye tout senpati m pou yo epi di yo kenbe fèm, pa dekouraje. Nou menm Ayisyen se wozo nou ye, nou pliye men nou pap tonbe. Nou se yon pèp ki pa janm kite fyète nou trennen nan lonbray nou. Nan moman difisil sa yo, depi se moun ki ap pote sekou, bra nou louvri pou resevwa. Depi se moun ki ap vinn ede nou soti nan tribilasyon nap sibi nan moman an la a, se avèk anpil rekonesans nap akeyi l. Men, sa dwe fèt nan respè diyite nou. Sa pa dwe sèvi lokazyon pou chifonnen istwa nou.

Se vre nou bezwen konkou tout nasyon sou tè a, men pa gen okenn fason nou ka aksepte epi jistifye ke youn ladan yo vini ak yon bann militè pou enstale yo nan baz Lame peyi Dayiti. Se poutèt sa mezanmi prezidan m blije reponn ak kesyon ou te poze pèp nou an nan diskou ou te pwononse jou samdi ki te 15 oktòb 2016 la : Eske sa deranje ?
Wi Prezidan, sa deranje m.
Sa deranje m anpil lè m tande jan wap pale avèk awogans ak pèp Ayisyen an nan moman li santi li dezespere, nan moman kote li ap soufri. Nan yon moman konsa, pèp la se pawòl rekonfò li bezwen. Nan yon moman konsa, pèp la se yon diskou apezman ak rasanbleman li bezwen. Se pa awogans ki ap rezoud pwoblèm yo. Se dwa chak sitwayen pou eksprime yo liben libè sou aksyon otorite politik yo poze. Se nan dyalòg nap jwenn repons a pwoblèm nou yo. Nan moman difisil pèp la ap viv la a li bezwen yon prezidan ki gen zòrèy li toujou louvri pou tande l epi ki montre li konprann enkyetid li, ki montre kapasite l nan rasanble moun ki pa dakò ant yo sou koze ki konsène peyi a. Se prezidan sa a mwen tap atann ke ou ye, e sa deranje m ke ou manke jwe wòl sa a kòmsadwa.

Sa deranje m anpil lè m tande jan wap pale de lapolis nou an ki pa kapab asire sekirite konvwa imanitè nan zòn ki sinistre yo. Mwen konnen jan polisye nou yo devwe nan travay yo. Mwen konnen gen anpil nan yo ki ta bay vi yo pou pote sekou ak viktim ouragan Matye yo, paske se konpatriyòt yo, se fanmi yo, se zanmi yo. Mwen refize kwe apre tout lane sa yo nou pase ap ba yo fòmasyon, pou yo pa gen kapasite bay yon konvwa imanitè sekirite. Nou pap pale de teroris ki pral atake yo non Prezidan, men de moun ki grangou, moun ki swaf dlo. Nou pap pale de sòlda byen antrene ak zam fanm fwa ki pral atake yo non Prezidan, men de ti malerèz ak ti malere de bra balanse ki bouke tann sèvis Leta yo rive jwenn yo. Prezidan, viktim ouragan yo pa teroris, yo pa sòlda ki nan rebelyon, se pa yon bann piyajè san fwa ni lwa. Yo se yon bann onèt sitwayen menm jan avè w, menm jan avè m. Si gouvènman an byen planifye aktivite yo, mwen panse polisye nou yo ka bay sekirite pou fè distribisyon èd imanitè yo. E sa deranje m anpil pou m ta wè yo pèdi responsabilite sa a.

Sa deranje m anpil paske m reyalize dirijan nou yo refize aprann leson de sa ki rive nou deja lè popilasyon nou an viktim yon katastwòf. Twò souvan, lè nou gen kriz imanitè ki frape nou, otorite politik yo gen tandans kouri al jwenn Mistè Blan tankou timoun piti epi louvri vant peyi a ba yo. Sa deranje Atis ke mwen toujou rete a. Sa deranje Senatè ke mwen ye jodi a. Nou pa dwe bliye jan sa te pase apre 12 Janvye 2010. Gen anpil rapò ki pibliye e ki montre jan moun ki swadizan ap vinn ede nou yo gaspiye resous ki te nan men yo pou fè sa. Yo sèvi ak malè pèp nou an pou yo regle zafè pa yo.

Sa deranje m anpil lè m tande Lame kay vwazen anvayi peyi m. Se pa pou sa Kapwa Lamò te goumen. Se pa pou sa Chalmay Peral te mouri. Menm lè sitiyasyon an difisil pou nou, sa pa dwe fè nou bliye fèy papye listwa. Gen yon seri senbòl lè ou manyen yo nenpòt ki jan, sa ka lakòz plis dega pase yon tranbleman de tè e sa ka simen yon van divizyon anndan sosyete a ki soufle pi fò pase yon siklòn. E sa deranje m anpil lè moun ki nan tèt pouvwa yo minimize senbòl sa yo.

Tanpri Prezidan Privert,
Tanpri Zanmi mwen,
Mwen mande w pou resezi w trè vit.
An nou kontinye travay men nan men pou nou rekonstwi peyi a yon lòt fason apre gwo frap li finn pran anba siklòn Matye. An nou rasanble tout fòs viv peyi a alantou yon bèl rèv, yon gran ideyal. Pandan katastwòf sa a frape nou an, se okazyon pou nou valorize tout konpatriyòt nou yo ki kapab e ki gen volonte vinn pote viktim yo sekou. Prezidan, mwen mande w pou w mobilize jenès la ki ap tann ou fè yo siy. Rele etidyan yo ; yap tann ou mete yo travay pou yo bay viktim yo asistans. Rele eskout yo ; se yon ekip jenn ki toujou disponib. Rele moun ki anndan legliz yo, sa ki anba peristil yo ; Nan chenn solidarite a, moun sa yo enpòtan anpil. Mande atis yo vinn ba ou kout men ; yo se pòtvwa tout gouvènè lawouze peyi Dayiti.

Yon lòt fwa ankò Prezidan, mwen renouvle w tout solidarite mwen pou akonpaye pèp la sou bon jan chimen devlòpman.

_____________________________________
Antonio Cheramy (Don Kato)
Senatè Repiblik Dayiti

fb_img_1476923239333fb_img_1476923248972

Comments

comments

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *